Yon polisye ap ranpe sou do pandan yon operasyon, Èske sa lojik !!!
Yon polisye ap ranpe sou do pandan yon operasyon, Èske sa lojik !!! Dènye jou sa yo, li pa etonan pou tout moun Solino Bèlè leve cho. Prèske chak jou gen tire. E preske chak jou sa yo, popilasyon an toujou ap mande ranfò lapolis. Batay sa t ap fèt pou gang sa yo ka genyen plis teritwa epi simen terè lakay pèp la. Men, gen yon videyo lapolis lage komkwa yo te pote ranf ò bay pèp la ki se yon bagay yo fè pa devwa epi nan sousi pou retabli lapè nan katye sa yo. Men videyo a fe nou poze anpil kesyon. Gen youn nan polisye yo ki chwazi ranpe. Bon, ranpe souvan fèt nan sitiyasyon sa yo, sitou si moman an mande sa. Men poukisa ranpe sou do a ? Li te ka toujou ranpe, men dabitid se sou vant, e si li ta di, li ta vle ranpe sou do pou li te ka gen yon vizyèl sou kote l ap soti a, men nan ka sa 2 l ò t polisye yo te ka kouvri pou li. Kounye a gen yon lot pati ank ò ki enterese nou, se kote polisye a ap tire a. nou petèt ka wè, l ap tire anlè, san l pa vrèman gen yon vi...