Bitcoin 30 000$ oubyen 100 000$
Bitcoin 30 000$ oubyen 100 000$ Sa fè kek tan la Bitcoin lan ap konsolide nan ranj 46 000$- 50 000$. Mwa septanm lan enpòtan anpil pou avni valè Bitcoin lan. Depandaman koulè kloti bouji mwa sa a, lap endike si Bitcoin lan ap pwolonje ak tandans alawos oubyen si li pral antre nan koreksyon. Se sak fè anpil eskpè kwè swa l retounen 30 000$ oubyen pike pou 100 000. Men sa Bitcoin lan dwe fè nan mwa kap vini an, pou li espere on pri a 6 chif nan fen ane oubyen kòmansman 2022 : Onivo teknik, fok li pa sispann depase « 200-moving average » épi fok « Moving Average Convergence Divergence (MACD) » pase liy signal lan. Nap raple nan semènn avan semènn pase MACD an « weekly » te rive depase liy signal sa ki pat janm fet depi onz mwa. Dènye fwa sa te fèt Bitcoin lan te antre nan on « bull run » ki dire plis pase 6 mwa. Onivo fondamantal, fok « Inflow » nan Bitcoin lan kontinye pwogrese épi aktè enstitisyonèl yo kontinye achte bitcoin. Menm jan MicroStrategy sot fel denyeman. Lòt bagay to...